Sunday, June 04, 2006

Sa k'ap fet?

Sa k'ap fet laa vye frè ak sèm yo? Kouman nou ye kouman nou ye?

Bo isit la, tout bagay poze, nou konnen. Menm lè bagay yo pa fasil, nou pap dako pou nou ap di "nou lèd nou la"; nou pap dako "gade san pran"; kifè, n'ap debat piti piti jan'n kapab! Nèg ap brase!

Gen anpil bagay ki ta vle fè nou dekouraje, men n'ap fouye tou patou pou nou jwenn ti kouraj.

Lè se pa nan peyi nou kouraj la soti, nou chache'l nan fanmi, ouswa nan zanmi... lè bagay yo rèd tout bon vre, nou chache travay di; nou chache nimpòt sa'n ka fè ya, nou fè'l, epitou, nou jwenn kouraj nan la fwa ke travay n'ap fè ya ap ban'n yon demen miyò.

Tout travay se travay! Nanpwen travay ki pa gen valè. Oumenm k'ap li saa laa? Sa wap fe? Sa w'ap regle nan lavi ou? Ou al lekol? Ou gen ti komès ou? Mande tèt ou kisa wap regle nan lavi ya? Paske, si se chita ou chita ap gade, san ou pap regle anyen, se oumenm wi ak parèy ou yo ki fè anyen pap regle nan peyi a. Eskize'm wi si'm manyen manb ou, men pa bliye, se ayisyen ki fè imaj Ayiti. Si pa erè, se nan kategori moun sa yo ou ye, se pa trò ta pou ou chanje bò. Ou gendwa paka chanje peyi ya poukont ou, men ou pa vle nonplis fè pati de moun kap kraze'l yo nonplis. Si se Ayisyen ou ye, ou fè pati Ayiti; Ayiti bezwen'w! Voryen ou pa, peyi ya ap pran sa'w ba'l, donk pa bali yon move machandiz. Pran desizyon pou'w bay tèt ou valè. Konsa, poutèt ayisyen konkou ou, peyi ya ap merite kanpe.

Ayibobo pou moun sa yo ki ka chanje sa yo gen lakay yo ki pa bon! Ayibobo pou nou! E wi, se Ayisyen nou ye!!!

A bientot!

Babbas!!!

1 Comments:

At 11:26 AM, Anonymous Anonymous said...

Really amazing! Useful information. All the best.
»

 

Post a Comment

<< Home