Wednesday, November 16, 2005

Yon bouyi vide plen lide

Jodi ya, gen yon ti bagay ki monte nan tèt mwen ki ban'm yon sèl anvi ekri nou nan bèl lang saa ki se lang peyi'm. Se domaj ke mwen pat gen chans etidye kreyòl. Mwen pa konn sa'm ta bay pou sa ta rive, men mwen kwè: chak bagay gen tan pa yo. Nan bon kreyòl m'ap di: se pou lannwit la pase pou solèy la ka leve.

Nan moso tan m'ap viv la, pi gwo envestisman mwen, pi gwo sa m'ap simen, se ti zafè lekol mwen pou'm sa gen yon demen ki bon. Epi tou, kòm nou paka viv san kòb nan tan alèkile, mwen oblije pase rès tan mwen nan travay, nan fè ti biznis, ti komès pou'm sa manje ak pou'm pa domi deyò. Lè'm wetire tan lekol ak tan travay, ti tan ki rete ya se tan domi.

Sa pa vle di pou'm pa pran ti plezi'm non. Lè'm te jèn [:)], mwen te gen yon patnè'm (ki kanada kounye ya) ki te konn di: li pap dako lè'l granmoun pou'l regrèt jenès li. Mwen pran konsèy li, e mwen konseye tout jèn yo ansanm ak tout moun pou yo fòje tan pou yo pran ti plezi yo kòm-il-fo. Youn nan aspè kiltirèl nou antan ke antiyè se ke, nou renmen ti plezi nou, nou renmen ti kanaval nou rèd. E mwen pa dekouraje sa ditou paske mwen temwen nan Miyami jan kanaval fè tout karayibeyen reyini. Kote m'ap ekri nou laa, kou demen swa rive, kòm mwen pa gen lekol jedi-sidyeve, mwen pral nan yon ti program yo rele "Jouvert".

"Jouvert" se yon ti aktivite ki louvri kanaval nan peyi Trinidad. Se yon ti pwogram kote mizik kanaval ap tonbe (soca trinidadyen), moun ap danse san limit, boutèy tafya ap pèdi lavi yo, epi lagè penti ap fèt; fi kou gason ap voye penti tout koulè youn sou lòt, san pèsòn pa fache, pèsòn pa goumen paske se fèt lanmou, fèt la jwa la gete, fèt koulè... se ason ki pou rele jou kanaval yo. Moun ki renmen kanaval ap renmen Jouvert; Pou de lòt moun, Jouvert ka parèt konkou yon bagay ki pa sen. Men se yon aktivite kiltirèl ki bay moun opotinite defoule yo san limit.

Mwen pa konn si nou remake ke mwen di "defoule".

Pou nou pa regrèt jenès nou lè nou granmoun, pran ti plezi nou kòm-il-fo. Fè ti dezòd nou, ti eksperyans nou... pou nou ka grandi; Fè sa'n gen pou'n fè pou se pa anvi ki domine lavi nou. Fè sa'n anvi fè, e pa anvi fè sa'n paka fè ak sa pou'n pa fè.

Pou nou pa regrèt jenès nou lè nou granmoun, fòje tan pou nou pran plezi nou, men detèmine tan pou nou travay ak pou nou fè sa'n gen pou'n fè. Pa domi pou pran plezi si ou vle, men LEVE pou regle sa'w gen pou regle!!! LEVE pou al travay!!! LEVE pou ou ka prepare satisfaksyon demen ou.

Pou nou pa regrèt jenès nou lè nou granmoun, pa kite tanw pase san ou pa simen anyen ki pou leve demen; paske se nan pa ret nan solèy ke ou pap boule, se vre, men fòk ou plante grenn nan kanmenm pou pyebwaa ka pouse, paske satisfaksyon wan, se nan bwaa li ye! Nan yon lot langaj, sa vle di: pran plezi'w pou'w defoulew (pou tet ou pa gwo), men fè sa pou ou fè (travay, al lekol) pou'w ka la demen. Paske sa franse ya rele "la joie" aaa, se nan plezi ya'l ye, men sa yo rele "le bonheure" la, se satisfaksyon wan, se nan rannman travay ou ke'l chita. Si ou pa travay pou ou prepare yon avni, pi douvan, li gendwa twò ta, epi lè'w granmoun, wap wè ke se gaspiye ke ou gaspiye ti tan jenès ou epi menm ti plezi yo a vinn parèt konkou yon gaspiyaj. Kifè mezanmi, pran ti plezi nou tèt nèg, men travay pou avni'w, travay pou peyi'w, travay pou moun ki kwe nan ou, epi travay pou LIBETE'w!

Se nan dènye ti fraz saa ke ti mesaj mwen gen pou nou jodi ya chita; epi mesye dam, se Kreyòl la ki pèmèt mwen banou'l. Kreyòl la se lang peyi nou, se lang tout frè ak sè nou yo ka pale; e tanpri souple, ann sispann di kreyòl la pa yon lang, paske si se pou sa, ayisyen pa pale okenn lang vre??? Ayisyen pa konkou tout lòt moun??? E si se ayisyen ou ye, ou pa konkon tout lot moun???

Ayiti kounye ya, se pa tout moun ki konprann franse, men tout ayisyen ka kominike ak Kreyòl la. Gendwa se franse ki lang ofisyèl kounye ya, ki lang biwo, men Ayiti se premye pèp nwa endepandan; nou fyè de sa, nou fyè de peyi nou, nou fyè de kilti nou, e nou fyè de lang nou tou, kifè, nou pa oblije kouvri'l. Men pito, ann voye'l monte, ann pran swen'l, ann fonde yon Akademi Kreyòl pou moun sispann jis jounen jodi ya ranse ak lang sa ki se lang pa nou.
Nan jwèt lago deli gwo peyi yo ap jwe nan mond lan, nèg yo kenbe enpe nan tifrè nou ki chita nan karayib la. Nou menm, nou fè 200 zan ap kache olye pou nou kontinye kouri pou yo paka kenbe nou. Fòk nou kontinye kouri pou'n ka bay enpe deli menmjan ak nan tan longtan.

-Pou sak pa konprann yo, sa'm vle di se ke: nou menm ayisyen nou tap travay pou nou pouse pou pi devan: nou pran endepandans nou epi ,dèyè nou, ti frè nou yo nan karayib la swiv nou paske se pa sèl noumenm ki te okipe; menmjan, se pa sèl noumenm ki pale kreyòl. Yon akademi kreyòl se tap yon lot pa an avan pou ti peyi nou wan.

Mwen pat gen chans etidye kreyol, men m'espere m'a ka ofri pitit mwen etidye bèl lang saa ki gen pwòp pèspektiv pa'l.

Kreyol la, se-pa-pou-di'w yon lang nou fèt ak li; san'n pa menm aprann li, kreyòl pale kreyòl konprann. Ou ta di kreyòl la se l'espri Ayiti ki chita nan tèt tout ayisyen. Se konkou se yon lwa ki monte moun kap pale'l la; lwa a ranmase lide moun lan, epi tou l'al monte moun kap koute'l la pou'l sa depoze'l nan tèt li... epi sak pap koute'l yo we yon pakèt imaj (des metaphores)...

.........

Pou klarifye opinyon mwen, m'ap ajoute ke mwen pa dekouraje etid lang franse ya nan peyi nou a, paske se yon pon li ye pou nou pou'n antre nan kominote entènasyonal la san pwobèm. Men ala bèl sa ta bèl si Ayiti Endependan te premye peyi Kreyol (koukou Angletè ak angle ouswa Espayn ak panyòl...). yon kote kreyol kote tout moun pale franse pou 2eme lang ak angle pou 3em...

........

sou nòt saa, map di nou: Ann kenbe sengilarite nou, epi tou ann reve pou yon demen k'ap gwo anpil pou ti bout tè nou an. Konsa, travay nou ap mennen nou pi pre MA bondje kite pou nou an.

........

A bientot!

Babbas!!!

4 Comments:

At 4:58 PM, Anonymous Vanessa said...

You are so talented. Why are you a Chemistry major, again? I love your writing and the fact that it is in Kreyol makes it even better. You have a gift that is rare and a master at your craft.

Lots of love, honey, and don't stop writing.

Vanessa A.

 
At 9:36 AM, Anonymous Anonymous said...

Sebastien,
An verite, bouyi vide sa a ou ekri a defini pou tout moun ki pa konn sa yon bouyi vide ye. Ou pale de tout lide ki nan tet ou. Ou lage li jan li ye a. Mwen kwe ke text ou a pa odine menm si chak fwa mwen komanse li l mwen BOUKE.
Tahnie

 
At 11:26 AM, Anonymous Anonymous said...

Really amazing! Useful information. All the best.
»

 
At 12:34 AM, Anonymous Anonymous said...

This site is one of the best I have ever seen, wish I had one like this.
»

 

Post a Comment

<< Home